Travay Nou / Our Work

FAVILEK travay prènsipalman nan:
  • Sansibilizasyon 
  • Ankonpayman 
  • Fòmasyon
SANSIBILIZASYON
Youn nan pi gwo travay gwoup la fè se nan sansi- bilizasyon sou vyolans. A pati de teyat orijinal ki fèt nan divès pwovens nan peyi a, FAVILEK rakonte abi fanm yo sibi, montre konsekans vyolans nan sosyete a, epi fè medanm yo konnen ki wout pou yo pran ak ki sa pou yo fѐ lѐ yo viktim. Apre teyat, FAVILEK konn òganize manifestasyon epi aksyon sivik tankou pati de kanpay yo pou jistis ak dwa fanm respekte.

Objektif FAVILEK nan sansibilizasyon se pote moun reflechi epi pѐmѐt anpil moun rive konprann ke sos- yete a pa konn fѐ kado - se nan sansibilizasyon, mo- bilizasyon ak òganizasyon pou nou rive jwenn jitis, epi rive fini ak zafѐ vyolans k ap fѐt sou fanm ak ti fi.

AKONPAYMAN
Depi apre 12 janvye, 2010 FAVILEK pote sekou ak akonpayman pou fanm viktim kadejak. Ajan FAVILEK yo chèche viktim yo nan kan ak komi- note kote yo rete pou yo fè akonpayman medikal ak legal pou fanm ak tifi. Ajan yo konn akonpaye medanm yo lopital pou yo jwenn sètifika medikal epi ede yo fè swivi legal gratis an patenarya ak Bureau des Avocats Internationaux (BAI). Lè fini, viktim sa yo patisipe nan aktivite òganizasyon yo kote yo jwenn sipò psikososyal ak fòmasyon pou yo pa dekouraje.


FÒMASYON
FAVILEK kontribiye nan reyabilitasyon fanm ak tifi viktim vyolasyon dwa moun yo a pati de yon estrikti ankadreman ak fòmasyon pou pѐmѐt fanm sa yo jwenn aksѐ pou yo viv.

FAVILEK konn bay fòmasyon pou manb li y ak timoun ki nan pwostitisyon sou plizyè tèm tankou dwa moun, pledwaye, epi atizana tankou penti, kouti, fè kolye, elatriye. Objektif fòmasyon sa yo se pou ranfòse kapasite medanm yo pou yo kapab viv byen nan sosyete a epi rantre yon ti kòb pou yo viv.

________

Our Work
FAVILEK's work is focused primarily in the following areas:
  • Accompaniment
  • Awareness-raising 
  • Training
AWARENESS RAISING
One of the key elements of the organization’s work is spreading awareness in communities about violence. FAVILEK works primarily with theater, performing original pieces in different provinces throughout the country that tell of the abuses women have suffered, show the consequences of violence in society and educate women about what they can do when they themselves are victims of violence.
In addition to performing theater, FAVILEK organizes demonstrations, press conferences and other activities as part of their campaign to achieve greater respect for women’s rights in Haiti.

FAVILEK’s objective in raising awareness is to encourage the community to reflect on the causes and consequences of violence and realize that only through spreading awareness, community mobilizing and organization will women truly find justice and put an end to violence against women and girls.


ACCOMPANIMENT
Since January 2010, FAVILEK has been providing support and accompaniment to survivors of sexual violence. FAVILEK agents seek out women and girls who have been victims of violence in the communities where they live and work and provide medical and legal accompaniment. Agents accompany women to the hospital to ensure they get needed care and a medical certificate and provide support and access to free legal services in partnership with the Bureau des Avocats Internationaux (BAI). In addition to receiving medical and legal assistance, these women become part of the organization’s network, through which they receive ongoing psychosocial support and training.


TRAINING
FAVILEK contributes to the rehabilitation of women & girls who’s rights have been violated through mentorship and training in order to help them reintegrate into society and make a living. FAVILEK provides a range of different trainings to women members of the network and adolescent girls who have been involved in prostitution; topics include human rights, advocacy, and crafts such as painting, jewelry, sewing, and more.
Through trainings, the organization aims to build the capacity women and girls and help them find alterna- tive source of income to achieve greater economic independence.